FPL estime yon gro kantite kliyan ka pèdi kouran akòz Siklòn Isaias la; ekip restorasyon ki gen plis pase 10,000 pare pou reponn pandan tanpèt la ap apwoche kót Florid la nan mitan pandemic mondyal COVID-19
- FPL prevwa blakawout toupatou nan zòn ke li bay sèvis yo ak enpak siyifikatif sou kòt lès Florid la
- Nou pozisyone pèsonèl yo pou yo kòmanse sévis restorasyon kouran le pli vit ke posib depi pa gen danje; n-ap travay pou nou sekirize plis travayé toujou
- COVID-19 pral kreye defi ki ka fé restorasyon pran plis tan
- Nou ankouraje kliyan yo finalize prekosyon sekirite yo ak prepare yo pou yo pa gen kouran
- Download app FPL la voye tèks mesaj mo "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mesaj mo "Join" nan MyFPL (69375)
Aug 2, 2020

JUNO BEACH, Fla. - Konpayi Florida Power & Light (FPL) ap mande kliyan yo pou yo prepare pou pàn pwolonje paske Siklòn Isaias ap pre kót Florid la.

Baze sou previzyon aktyèl la, dapré istorik FPL, konpayi an estime yon kantite nan kliyan-l yo ka eksperyanse blakawout akòz de domaj tanpèt danjere sa a.

Eric Silagy, prezidan ak Direktè Jeneral nan FPL te di."Depi premye epizód siklon Isaias kòmanse afekte kòt lès Florid la, nou konprann kliyan nou yo ap gen ampil enkyetid nou vle rasire yo ke nou pare pou nou reponn pandan tan sa yo san parèy." Nou gen yon ekip restorasyon ki plis pase 10,000 epi n-ap travay pou jwenn plis anplwaye toujou. Pandan ke nou rekonesan dèske nou te anmezi pou mete sekirite nan travay sa a pou reponn a Isaias, nou espere ke lòt prekosyon sekirite yo dwe pran ka ralanti sou pwogrè yo. Nou pran responsablite nou tré serye e se devwa nou pou nou sèvi kliyan nou yo nan bon tan ni nan move tan. Angajman nou pou kliyan nou yo pa chanje malgre COVID-19: Nou pral travay 24 sou 24 epi nou p-ap sispann jiskaske nou jwenn kouran pou chak gren kliyan."

 FPL prevwa ke yon gwo pòsyon nan zòn sèvis li yo ka santi efè Isaias ak potansyèlman fè eksperyans blakawout akòz van tanpèt twopikal yo ki pwolonje plis pase 175 mil de sant tanpèt la. Zòn ki gen plis domaj ka lakóz pa gwo van ak posib tònad, ki ka fé fatra ak debri bay defi nan restorasyon kouran yo. Apre move tan an, ekip nou yo dwe koupe pye bwa ak retire lòt fatra ki te tonbe nan liy elektrik yo, oswa ki nan wout la, pou yo ka jwenn domaj yo e ranje yo san danje pi vit ke posib.Nou ankouraje kliyan yo pran tan kounye a pou prepare yo pou potansyèl blakawout pwolonje oswa plis ke yon sel blakawout pandan move tan an.

Silagy te di, "Ke Isaias rete yon siklòn oswa li déklasé pou yon tanpèt twopikal, tanpri konnen sa se yon fòs pwisan nan lanati ak enpak ki ka rive lwen."

Tanpèt sa a kounye a ap swiv pi pre liy kòt nou an ak pi lwen nan sid ke nou te antisipe orijinal la, li pral pote gwo van ak move tan ki sevé pi pre kék zòn ki pi peple nou yo. Nou ankouraje kliyan nou yo pou yo konplete preparasyon final yo, prepare yo pou blakawout epi fè sekirite pi gwo priyorite yo. Nou ta renmen remèsye otorite eta nou yo ak otorite lokal nou yo ak sipó ijans pèsonèl yo pou kowòdinasyon sere yo ba nou,nou remésye kliyan nou yo davans pou pasyans yo paske nou konen pwochen jou sa yo pral yon defi pou yo.

Tanpri konnen ke jan Isaias ap deplase nò sou kòt la, nou pral travay kontinyèlman,depi ke van yo anba 35 Mil Pa é (35 MPH)e kondisyon yo san danje."

Kòm repons a pandemi coronavirus mondyal la, plan nou se pou nou pran mezi prekosyon pou sekirite kliyan nou yo ak travayè restorasyon nou yo. Ladan-l nap gen egzamen sante chak jou pou pèsonèl restorasyon yo ak ajisteman nan plas rasanbleman kote gen gwo kantite travayè restorasyon pou pèmèt plis distans sosyal ke posib epi ajoute plis plas rasanbleman pou travayé.

FPL ankouraje kliyan yo pou revize plan ijans fanmi yo ak biznis yo, gade devlopman tanpèt la de pré, ak atansyon avètisman ak lòd evakyasyon pa ofisyèl lokal yo, eta ak federal eli yo. Konséy preparasyon ak sekirite disponib nan FPL.com/Storm.

Kisa n-ap fé

Nan FPL, n-ap finalize preparasyon pou enpak Isaias:

  • Nou mobilize ak pre-pozisyone travayè restorasyon nou yo, pou yo ka kòmanse travay byen vit le pli vit ke pa gen danje. Gen plis pase 10,000 pèsonèl ki angaje nan efò sa a, e n-ap travay pou nou sekirize dé milye an plis
  • Nou mennen plis pase 100 pèsonèl sot nan konpayi sè nou an Gulf Power.
  • Nou garanti plis pase 2,900 pèsonèl ekstèn amplis e n-ap travay pou nou sekirize plis.
  • Nou prepare pou pozisyone ekip nou yo nan 16 sit atravè zòn sèvis nou an pou mete vitès nan sefó restorasyon.
  • N-ap kowòdone repons nou yo avék sant operasyon ijans konte ak leta.

Nan moman siklòn, nou konnen ou bezwen plis enfòmasyon ke posib pou ou kapab pran desizyon pou ou menm ak pou fanmi ou. Chak siklòn diferan, men objektif nou se fé-w jwenn enfòmasyon egzat le pli vit ke li disponib.Pandan ke Isaias fè wout li nan nò sou kòt Florid la ak pandan l-ap sòti nan chak rejyon, ekip restorasyon nou yo ap swiv wout tanpèt la. N-ap soti an fòs pou evalye domaj yo e restore sèvis yo. Nou dwe jwenn yon evalyasyon solid sou tout limit nan domaj yo anvan ke nou ka bay estimasyon rejyonal sou lè kouran yo ka retabli. Nou pwomèt kominike de pli zan pli enfòmasyon espesifik osito ke nou kapab.

N-ap pataje tout pi bon dénye enfòmasyon nou genyen pi vit ke posib nan medya tradisyonèl yo, medya sosyal, FPL.com ak app FPL la.

Resous adisyonèl

Kliyan yo ka download aplikasyon FPL la pou aksè lé yo deyó, enstan e sekirize aksé nan kont yo. Kliyan ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon yo sou blakawout. App la disponib pou download nan magazen iOS ak Google play. Pou-w  download app FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri tou pou dènye nouvèl tanpèt tèks mo "Join" nan MyFPL (69375).

Ki jan pou-w rete enfòme

FPL kominike enfòmasyon restorasyon ak kliyan souvan nan nouvèl medya yo ak resous sa yo:

###

Florida Power & Light Company

Kompayi Florida Power & Light se pi gwo konpayi enèji Ozetazini  sa mezire dapré jan yo pwodwi elektrisite an detay e van, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon+ moun atravè eta Florid la. Nòmalman bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt kompayi nan Etazini. Sèvis fyabilite FPL la pi bon pase 99.98 pousan, e flòt izin elektrik li ya trè efikas e pi prop pase tout kompayi elektrik nan nasyon an. Nan 2020 dapré Escalent konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke yo pi fé konfyans  pou sét ane youn apre lòt .Yon anplwayè nan Florid la avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon afilye de Juno Beach, NextEra Energy, Inc. ki base nan Florid la (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan andirans, etikét ak divèsite, e li te klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 kóm "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, e NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm avék antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.

Pou plis infómasyon: liy Medya: 561-694-4442