Ekip travayé FPL la ki plis ke 10,000 ouvriye pare pou yo reponn ak Siklòn Isaias nan milye pandemi mondyal COVID-19; ankouraje kliyan yo pou yo prepare pou posiblite blakawout
- Plan repons pou ijans FPL la nan wout
- Nou mete pèsonèl a dispozisyon e sekirize plis pase 2,000 lót pèsonèl
- Ekip yo pral travay an Gwoup nan move tan an pou yo retabli sèvis depi pa gen dange
- Nou ankouraje kliyan yo fè preparasyon final ak pran prekosyon
- COVID-19 pral kreye defi ki ka fé restorasyon pran plis tan
- Download app FPL la voye tèks mesaj mo "App" nan MyFPL (69375) oswa enskri nan alèt voye tèks mesaj mo "Join" nan MyFPL (69375)
Jul 31, 2020

JUNO BEACH, Fla. - Pandan ke Siklòn Isaias ap avanse pi pre eta a, kompayi Florida Power & Light la ap fini fé preparasyon pou retabli sèvis san danje pi vit ke posib epi na-p ankouraje kliyan yo prepare kounye a pou posiblite blakawout.

Prezidan ak Direktè Jeneral FPL.Eric Silagy di konsa, "Pandan ke wout final la ak entansite Siklòn Isaias rete ensèten, nou p-ap sispan siveye pandan siklón nan ap fòme a, tou senpleman nou konnen pa gen okenn bagay ki rele yon tanpét twopikal  oswa yon siklòn ‘féb’." "Sa vréman enpòtan sitou nou yonn pa janm nan pozisyon nou ye la kote n-ap  fikse yon sistèm twopikal pandan yon pandemi mondyal. Angajman nou pou kliyan nou yo pa chanje malgre COVID-19: Nou pral travay 24 sou 24 epi nou p-ap sispann jiskaske chak gren kliyan nou yo jwen kouran."

FPL prevwa ke yon gwo pòsyon nan zòn sèvis li yo ka santi efè Isaias ak potansyèlman fè eksperyans blakawout akòz van tanpèt twopikal yo ki pwolonje plis pase 200 kilomèt de sant tanpèt la. Nou ankouraje kliyan yo pran tan kounye a pou prepare yo pou potansyèl blakawout pwolonje. Anplis, dapré nati tanpèt k ap apwoche a ak enpak rage ki gen rapò sou ekipman FPL, kèk kliyan ka fè eksperyans pann kouran plis pase yon sèl fwa pandan tanpèt la.

Silagy te di "Nou konnen ke kliyan nou yo ap konte sou nou kounye a plis pase tout tan," “FPL detèmine pou satisfè defi sa a san parèy. Nou mobilize ak pre-pozisyone travayé restorasyon nou yo, konsa mesye ak medam brav sa yo ka kòmanse travay byen vit depi pagen dange. N-ap genyen tou yon ekip ki soti nan konpayi sè nou Gòlf Power e nou garanti plis pase 2,000 pèsonèl restorasyon adisyonèl nan prèske 10 eta. Nou pran angajman pou repare sèvis menm pandan move tan, depi van yo anba 35 MPH epi kondisyon yo san danje, n-ap travay 24 sou 7 pou restore kliyan ki afekte yo pandan Isaias ap avanse nan nò sou kòt la.

Kòm repons a pandemi coronavirus mondyal la, plan nou se pou nou pran mezi prekosyon pou sekirite kliyan nou yo ak travayè restorasyon nou yo. Ladan-l nap gen egzamen sante chak jou pou pèsonèl restorasyon yo ak ajisteman nan plas rasanbleman kote gen gwo kantite travayè restorasyon pou pèmèt plis distans sosyal ke posib epi ajoute plis plas rasanbleman pou travayé.

FPL ankouraje kliyan yo pou revize plan ijans fanmi yo ak biznis yo, gade devlopman tanpèt la de pré, ak atansyon avètisman ak lòd evakyasyon pa ofisyèl lokal yo, eta ak federal eli yo. Konséy preparasyon ak sekirite disponib nan FPL.com/Storm.

Kisa n-ap fé
Nan FPL, n-ap finalize preparasyon pou enpak Isaias:

  • Nou mobilize ak pre-pozisyone travayè restorasyon nou yo, pou yo ka kòmanse travay byen vit le pli vit ke pa gen danje. Gen plis pase 10,000 pèsonèl ki angaje nan efò sa a.
  •  N-ap mennen plis pase 100 pèsonèl nan konpayi sè nou an Gòlf Power.
  •  Nou garanti plis pase 2,000 pèsonèl ekstèn amplis.
  • Nou te separe resous adisyonèl nan konpayi an pou ede akselere efò restorasyon yo.
  • Nou prepare pou pozisyone ekip nou yo nan 15 sit atravè zòn sèvis nou an pou mete vitès nan restorasyon.
  • N-ap kowòdone repons nou yo ak konte, eta a, ak sant operasyon ijans.

resous adisyonèl

Kliyan yo ka download aplikasyon FPL la pou aksè lé yo deyó, enstan e sekirize aksé nan kont yo. Kliyan ka rapòte oswa jwenn dènye enfòmasyon yo sou blakawout. App la disponib pou download nan magazen iOS ak Google play.Pou-w  download app FPL la byen vit, tèks mo "App" nan MyFPL (69375). Kliyan yo ka enskri tou pou dènye nouvèl tanpèt tèks mo "Join" nan MyFPL (69375).

Ki jan pou-w rete enfòme
FPL kominike enfòmasyon restorasyon ak kliyan souvan nan nouvèl medya yo ak resous sa yo:

Florida Power & Light Company
Kompayi Florida Power & Light se pi gwo konpayi enèji Ozetazini  sa mezire dapré jan yo pwodwi elektrisite an detay e van, kote yo sèvi plis pase 5.1 milyon kont kliyan oswa yon estime de 10 milyon+ moun atravè eta Florid la. Nòmalman bòdwo kliyan rezidansyèl FPL nan 1,000-kWh apeprè 30 pousan pi ba pase dènye mwayèn nasyonal la e li pi ba pami lòt kompayi nan Etazini. Sèvis fyabilite FPL la pi bon pase 99.98 pousan, e flòt izin elektrik li ya trè efikas e pi prop pase tout kompayi elektrik nan nasyon an. Nan 2020 dapré Escalent konpayi an te rekonèt kòm youn nan sèvis piblik elektrik nan U.S ke yo pi fé konfyans  pou sét ane youn apre lòt .Yon anplwayè nan Florid la avèk apeprè 8,900 anplwaye, FPL se yon afilye de Juno Beach, NextEra Energy, Inc. ki base nan Florid la (NYSE: NEE), yon konpayi enèji pwòp lajman rekonèt pou efò li nan andirans, etikét ak divèsite, e li te klase kòm nimewo 1 nan endistri sèvis elektrik ak gaz yo nan lis Fortune 2020 kóm "Konpayi ki pi admire nan mond lan". NextEra Energy se yon konpayi ki menm fanmi ak Gulf Power Company, ki sèvi plis pase 470,000 kliyan nan uit konte nan tout Nòdwès Florid la, e NextEra Energy Resources, LLC, ki ansanm avék antite afilye li yo, se pi gwo generator enèji renouvlab ki soti nan van ak solèy ak yon lidè nan mond lan nan zafe storage batri. Pou plis enfòmasyon sou NextEra Energy Company, vizite sit entènèt sa yo: www.NextEraEnergy.com, www.FPL.com, www.GulfPower.com, www.NextEraEnergyResources.com.

Pou plis infómasyon: liy Medya: 561-694-4442